
Chapter 5 | |
1 |
¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. |
2 |
Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. |
3 |
Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. |
4 |
Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
5 |
Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an). |
6 |
¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. |
7 |
Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
8 |
Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an). |
9 |
Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. |
10 |
Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
11 |
Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an). |
12 |
Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. |
13 |
Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
14 |
Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an). |
15 |
Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. |
16 |
Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
17 |
Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an). |
18 |
Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. |
19 |
Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
20 |
Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an). |
21 |
¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. |
22 |
Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
23 |
- |
24 |
Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. |
25 |
¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. |
26 |
Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
27 |
Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an). |
28 |
¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason. |
29 |
Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. |
30 |
Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. |
31 |
Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an). |
32 |
Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. |
| Other Resources and Sponsors | ||
| www.AmericanUnsecured.com
Looking for an Unsecured Loan visit American Unsecured and get Approved Today! |
www.CreditMD.com
Get credit repair tips and learn how to repair bad credit today! |
www.AmericaOneFunding.com Get a Loan for your business. Get approved for a business loan now! |
| www.BusinessCase-ROI.com Need help formulating a business plan? Get all the tools you need to make your business succeed! |
www.HIPAAClickandComply.com Solutions for HIPAA Compliance Train your staff Today! |
www.DietsMD.com
Looking for a healthy diet Let these medical professionals show you how to lose weight right! |
| FastApprovalCreditCards.com Providing resources for bad credit auto loan and more loans for people with bad credit. |
www.Google.com The best search engine available! We love Google! |
OnlineStudentCreditCards.com Top resource for Bad Credit Credit Card! Get approved Today regardless of your credit! |